🏛️ Kisa politik la ye ? E kijan pou pratike li pozitifman 

 

  1. Kisa "politik" vle di ?

 

Politik la, se jesyon lavi kolektif. Se tout desizyon, aksyon ak plan ki fèt pou byen dirije yon sosyete, yon kominote oswa yon peyi.

Se politik ki deside :

 

Ki jan peyi a ap dirije

 

Ki lwa ki dwe respekte

 

Ki jan lajan leta ap itilize

 

Ki sèvis piblik ki bay (edukasyon, sante, sekirite, elatriye)

 

  1. Kisa sa vle di "fè politik" ?

 

Fè politik, se angaje tèt ou nan chèche bon jan solisyon pou pwoblèm pèp la.

Sa vle di :

 

Tande pèp la

 

Defann enterè kominote a

 

Pwopoze bon lide pou amelyore lavi moun

 

Travay ak respè, diyite ak vizyon

 

  1. Politik pa vle di :

 

❌ Pale mal sou lòt moun (difamasyon)

❌ Sevi ak manti pou jwenn pouvwa

❌ Kreye divizyon oswa fè pèp la konfwonte

❌ Sevi ak zam, menas oswa vyolans

❌ Fè politik pou enterè pèsonèl oswa biznis

 

  1. Politik pozitif ak pwodiktif vle di :

 

✅ Travay pou pèp la viv miyò

✅ Chèche solisyon reyèl, pa pale sèlman

✅ Fè deba san lènmi, san joure

✅ Mete tèt ansanm ak lòt aktè ki vle chanjman

✅ Travay sou vizyon long tèm pou devlopman peyi a

✅ Fè jèn yo patisipe san pè, san manipilasyon

 

  1. Wòl jèn yo nan politik pozitif

 

Chèche konesans sou sistèm politik peyi yo

 

Reflechi sou pwoblèm kominote yo

 

Fè pwopozisyon klè ak solid

 

Patisipe nan aktivite sitwayèn (deba, forum, volontarya)

 

Rete lwen gwo ponyèt, agresyon ak kout zam

 

  1. Politik se sèvis, pa se pouvwa

 

Yon bon politisyen se pa yon "chef", se yon sèvitè pèp la. Li la pou :

 

Tande

 

Konprann

 

Aji pou tout moun, pa pou tèt li

 

  1. Yon mesaj pou jenerasyon Ayiti Nouvel'R

 

> ✊🏽 Ann aprann fè politik ki konstwi, pa politik ki detwi.

 

✊🏽 Ann chwazi bon lide, bon vizyon, ak bon pratik — san vyolans, san rayisman.

 

Pwod: Kechemy

 Qu’est-ce que la politique ? Comment la pratiquer de manière positive et constructive ?

Français  

(Pour l’éducation citoyenne à travers Haïti Nouvel'R)

 

  1. Qu’est-ce que la politique ?

 

La politique, c’est l’organisation de la vie collective. C’est l’ensemble des décisions, des actions et des projets mis en place pour gérer une société, une communauté ou un pays.

Elle permet de :

 

Diriger le pays

 

Créer et faire respecter les lois

 

Gérer les finances publiques

 

Offrir des services à la population (éducation, santé, sécurité…)

 

  1. Que signifie "faire de la politique" ?

 

Faire de la politique, c’est s’engager pour trouver des solutions aux problèmes du peuple.

Cela signifie :

 

Écouter les besoins de la population

 

Défendre les intérêts de la collectivité

 

Proposer des idées concrètes pour améliorer la vie des gens

 

Agir avec respect, intégrité et vision

  

  1. La politique, ce n’est pas :

 

❌ Insulter ou salir les autres (diffamation)

❌ Utiliser le mensonge pour prendre le pouvoir

❌ Diviser le peuple ou créer des conflits

❌ Avoir recours à la violence ou aux armes

❌ Chercher le pouvoir pour des intérêts personnels

 

  1. Une politique positive et productive, c’est :

 

✅ Travailler pour le bien commun

✅ Trouver des solutions concrètes, pas seulement parler

✅ Participer à des débats d’idées, sans haine

✅ Collaborer avec d’autres pour le progrès

✅ Avoir une vision à long terme pour le pays

✅ Inclure les jeunes dans les projets de société

 

  1. Le rôle des jeunes dans une politique constructive

 

S’informer sur le fonctionnement du pays

 

Réfléchir aux problèmes de leur communauté

 

Proposer des idées claires et responsables

 

Participer à des actions citoyennes (forums, volontariat, débats…)

 

Rester loin de la violence et de la manipulation

 

  1. Faire de la politique, c’est servir, pas dominer

 

Un bon politicien n’est pas un chef au-dessus des autres. C’est un serviteur du peuple, là pour :

 

Écouter

 

Comprendre

 

Agir pour l’intérêt général

 

  1. Un message pour la génération Haïti Nouvel'R

 

> ✊🏽 Apprenons à faire une politique qui construit, pas une politique qui détruit.

 

✊🏽 Choisissons des idées, une vision et des actions positives — sans violence ni haine.

 

Prod: Kechemy

Ajouter un commentaire

Commentaires

Il n'y a pas encore de commentaire.